Pwoteje sante ou sezon sa a.

Pandemi COVID-19 la poko fini. Siyen pou tès chak semèn pou asire yon sezon ansekirite pou nou tout.

Patisipasyon ou fè yon diferans.

Patisipasyon ou volontè. Ou ka retire tèt ou nenpòt kilè.

Ou ka gentan konnen si ou enfekte, pi bonè pase si ou pat patisipe!

Rezilta tès nou yo prè nan mwens pase 24 èdtan.

Si ou patisipe w ap gen pou ou:

  • Reponn kèk kesyon sou sante ou

  • Bay yon echantiyon nazal chak semèn pou yon tès COVID-19

  • Di nou sentom COVID-19 ou genyen

  • Aprann kòman pou ou kenbe kalite lè anndan lakay ou pwòp pou ou ak pou moun k ap viv lakay ou

  • Benefisye plis pase $100 pou patisipasyon

Pou ou ka elijib, fòk ou:

  • Genyen 18 lane oubyen plis

  • Aktyèlman ap travay kòm travayè agrikòl

  • Migre pou travay

  • Abite nan lojman travayè migran oubyen nan kan travayè migran

Èske ou prè pou ou rejwenn nou? Kesyon?Fè nou konnen!

RespirarProject@umd.edu